ABIDJAN/MANIFESTASYON:PLIZYE FANM TE PRAN LARI NAN ABIDJAN POU DI YO PA DAKO AK TWAZEM MANDA PREZIDAN.

Yon nouvo manifestasyon nan Abidjan ak kèk kote nan Kot Divwa Vandredi 21 out 2020 kont twazèm manda prezidan Alassana Ouattara malgre otorite yo te entèdi manifestasyon piblik jiska15 septanb.

Fanm nan katye popilè nan Yopougon ki tap fè mach sa nan Abidjan lapolis pa te pran tan pou gaye manifestan sa yo ak gaz lakrimojèn. NanYamoussoukro te gen kawotchou ki tap boule nan wout prensipal la ,avan yo te ale pou Gesco .

Pou piti (500) senksan fanm ki te nan manifestasyon sa tap mache kalm, yo tap di nou pa vle yon twazèm manda e yo pa vle yo touye pitit yo daprè yon jounalis nan lokalite a.

Angeline Michel

kredi foto:apanews

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …