AYITI/POLITIK : SENA AYISYEN AN ANONSE YON SEYANS ESPESYAL SOU RAPÒ KOU DÈ KONT E KONTANSYE ADMINISTRATIF (CSC.CA) BAY SOU FON PETWOKARIBE A

Madi 25 Dawout 2020 ki ap vini an, Sena repiblik Dayiti a ki gen dis (10) senatè sèlman ki aktif anonse yon seyans espesyal aprè twazyèm (3èm) rapò kou dè kont e kontansye administratif mete deyò sou gagotaj lajan fon petwokaribe a ki te pou fè devlopman nan peyi Dayiti.

Rezon seyans lan se pou rive etidye rapò sa pou konnen tout moun ki gagote lajan epi voye  dosye a nan lajistis pou egzije tout moun ki nan gaspiyaj sa remèt lajan epi pran sanksyon jan lalwa mande pou sa fèt nòmalman.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …