AYITI/EDIKASYON: APRE ZAK KRAZE BRIZE KÈK ELÈV NAN KAPITAL LA, LAJISTIS LAGE DÈYÈ JOSUE MERILIEN.

Apre kèk elèv lise nan kapital la te pran lari jounen mèkredi 9 septanm 2020 an kote yo atake plizyè lekòl prive ak lòt lise parèy yo epi kraze plizyè vit machin yo te jwenn sou wout yo, lajistis ayisyèn lage plizyè manda dèyè plizyè moun.

Pami moun lajistis ayisyèn lage manda dèyè yo a nou jwenn pwofesè epi sendikalis Josué Merilien, lòt moun ki gen manda dèyè yo nan kad mouvman sa se ti Youry, tèt zo, tèt kas moto, ak Jeanty Manès, moun sa yo akize pou asosyasyon malfektè, tantativ asasina poun site sa yo.

 

 

KREDI FOTO: universel Magazine

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …