Ajan BLTS yo, kèk nan otorite APN yo nan tèt kole ak ajan dwanye Senmak yo mennen yon operasyon nan pò Senmak la jounen jedi 10 septanm 2020 an.
Yon operasyon ki pèmèt yo sezi nan yon ti machin ki te nan pò a kat (4) zam de pwen ak tout chajè yo, de (2) chajè gwo zam fann fwa ak plizyè minisyon.