AYITI/ZEN: BABEKYOU MARE KOU KRAB OBED JOSEPH KE TOUT MOUN KONNEN SOU NON KIKY KI AKIZE NAN LANMÒ EVELYNE SINCERE.

Chèf G9 an fanmi e alye a Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou prezante aswè mèkredi 4 novanm 2020 an Obed Joseph ki akize nan lanmò Evelyne Sincère ke yo te kidnape epi fanmi li ta pral jwenn li mouri sou yon pil fatra.

Ansyen polisye a prezante Kiky nan yon video kote li mare li kou krab, Babekyou fè konnen li deja an kontak ak lapolis pou remèt Kiky, li mande pou polisye yo pa vin ak gwo zam pou vin tire paske yo menm yo gentan fè travay la epi li fè konnen yo menm nan G9 yo pa nan sitirans ak vòlè epi kidnapè.

Yon dosye ki parèt….

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …