AYITI/DRAM: OBED JOSEPH KI SE PRENSIPAL AKIZE NAN LANMÒ EVELYNE SINCERE REYAJI SOU JAN MESYE G9 YO MARE LI EPI REMÈT LI BAY LAPOLIS KI RESEVWA LI AK FLACH TELEFÒN NAN YON KOMISARYA FÈ NWA.

Apre mesye G9 yo fin mete anba kòd Obed Joseph ke tout moun konnen sou non Kiky ki se prensipal akize nan zafè lanmò Evelyne Sincère ke moun yo poko rive idantifye te kidnape jedi 29 oktòb 2020 an epi fanmi li ta pral jwenn kadav li dimanch 1e novanm 2020 an sou yon pil fatra nan zòn Dèlma 24 bay detay nan lannwit mèkredi 4 novanm 2020 an nan mikwo Guerrier Henry sou radio Mega sou jan yo prann.

Obed Joseph fè konnen li te lakay li nan zòn Ri Sen maten nan kabann li lè mesye G9 yo te debake nan kay la epi ouvri pòt la epi yo rele li, yo deplase avèk li, li fè konnen yo pat pale twòp avèk li ni tou yo pat maltrete li, yo sèlman pran li epi remèt li bay lapolis.

Obed deklare mesye G9 yo ki gen nan tèt yo ansyen polisye Jimmy Cherisier pran li devan papa li ak yon sè li, malgre arestasyon sa Obed di li pa gen anyen pou li wè ak lanmò Evelyne Sincère epi li pat janm konn moun konsa ni nan dòmi ni nan je klè li swete paran Evelyne ak paran li zanmi li nan moman nwa yap konnen a la, kouraj!

Nap raple polisye ki tap resevwa Obed Josep yo nan men mesye G9 yo se ak flach telefòn yo tap klere komisarya pou te ka wè ki kote yap mete pye yo akoz komisarya pòtay St.Joseph pat gen kouran ni pat gen balèn pou klere.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …