AYITI/KRIM: LAPOLIS PREZANTE DE (2) LÒT MOUN KI KONPLIS NAN LANMÒ EVELYNE SINCERE APRE BABEKYOU TE FIN MARE OBED JOSEPH.

Apre ansyen polisye epi chèf G9 la Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou fin mare epi remèt bay lapolis Obed Joseph alyas Kiky, lapolis prezante jounen lendi 9 novanm 2020 an de (2) lòt asasen ki avwe se yo ki komèt krim nan.

Michel Jerry Domerçant, Evald Domerçant epi Benjamin Ruselène se twa moun sa yo lapolis arete byen bonè lendi 9 novanm 2020 an nan kad ankèt kap mennen sou lanmò Evelyne Sincere ke yo te kidnape jedi 29 oktòb 2020 an epi fanmi li ta pral jwenn li mouri 1e novanm 2020 an sou yon pil fatra. Lapolis prezante de nan moun yo mare yo ki avwe ke yo te patisipe nan krim nan.

Obed Joseph ki te di li pat janm rekonèt Evelyne Sincère avwe nan DCPJ ke li te renmen avèk Evelyne sou facebook selon pòt pawòl polis la Michel -Ange LOUIS JEUNES, epi lòt konpayèl li a Evald DOMERÇANT li menm fè konnen li te toufe Evelyne ak yon zòrye apre yo te fin ba li yon pwazon.

Mesye yo fè konnen yo te kidnape Evelyne Sincère pou yo te kapab fè lajan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …