LEMOND/AKSIDAN:YON ELIKOPTÈ MI-24 PEYI LARISI PERI ANBA KOUT ZAM NAN PEYI AMENI.

Yon elikoptè militè Mi -24 ki soti nan peyi Risi ki tap vole bò vilaj nan Eraskh yon tèritwa Azerbaïdjan ki separe ak Ameni kraze aprè yo te tire sou li plizyè fwa lendi 9 novanb 2020 an.

De(2) manb ekipaj ki te nan elikoptè pèdi lavi yo epi yon lòt blese grav. Kòmandman Ris lan nan baz militè 102 a ap ankete pou li konnen sa ki tire sou elikoptè a daprè ministè a.

Nan aprè peyi Azebayjan te rekònèt li koupab epi mande eskiz akoz li kraze elikoptè a pa erè bò fwontyè li an anwo tèt peyi Ameni daprè minis Azèbaydjan afè etranjè a.

Selon ministè a aksyon sa te pase 18 è 30 nan lè peyi a tandis ke te gen plizyè machin bas militè Risi nan Ameni.

 

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …