LEMOND/JISTIS:YON JÈN FI NAN GRENOBLE BAY MANTI KE TWA BANDI KAGOULE TE KIDNAPE LI.

Yon jèn fi 15 lane fè konnen li te bay lapolis manti kote li te eksplike yo twa bandi ak kagoul te kidnape li nan Claix nan sid peyi Frans nan komin  Grenoble yo te mete li nan machin epi yo tale ak li nan bwa . Li te di yo te vylole li ,bat li aprè yo lage li devan pak « Échirolles ».

Lapolis te jwenn jèn fanm nan toutouni jedi pase ak tras kou nan visaj ni nan kou li selon ponpye ki te sou plas men li fè konnen li te jis pat santi byen nan moman selon Pwokirè peyi a Éric Vaillant nan yon kominike vandredi 13 novanb 2020 an.

Jèn fi sa gen pou li ale nan jijman akoz li denonse yon « délit imaginaire ».

Angeline Michel

Kredi foto :20 minutes

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …