LEMOND/DÈY:BA AL MOUSSA KI DEKRI KÒM CHÈF GWOUP SOUTYEN ISLAMIK LAN AKMIZILMAN RANN DÈNYE SOUF LI

Minis fransè lame yo Florence Parly konfime vandredi 13 novanb 2020 an sòlda fransè Barkhane yo touye Ba Ag Moussa nan peyi Mali nan rejion Menaka zòn twa fwontyè Mali,Burkina,Niger.

Lame fransè a eksplike nan yon kominike Ba Al Moussa ki dekri kòm Chèf milité gwoup soutyen Islam ak Mizilman (GSIM) bay dènye souf li nan yon afwontman ki te dire 15 minit madi kite 10 novanb lan.

Ba Al Moussa se yon nan djiyadis non li site nan plizyè atak ki pase nan rejion an ni nan mond lan epi li se yon nan moun ki enpòtan nan al-Qaïda nan Maghred islamik .

Angeline Michel

Kredi foto :dw.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …