Nan yon afwontman lapolis nan sant vil Okap ayisyen yon prezime bandi ki gen non vanyan li » popilè » ki t’ap fouye moun ayè dimanch 15 novanm 2020 an tonbe anba bal.
pandan menm afwontman sa lapolis mare kou krab James PIERRE alyas « Chawa » ki gen 23 lane epi Sandro Nosil ki gen 19 lane, nan menm operasyon sa lapolis rive sezi yon zam 9mm epi 3 telefòn nan men prezime a
Maritza DEISE.