AYITI/PNH: POLIS NASYONAL PEYI DAYITI A GENYON NOUVO DIREKTÈ JENERAL NAN TÈT LI POU YON TI BOUT TAN.

Chèf gouvènman an Joseph Jouthe enstale jounen lendi 16 novanm 2020 an Leon Charles pou yon ti bout tan nan tèt polis nasyonal peyi Dayiti a.

Yon desizyon ki vini pandan zak ensekirite yo ap vale teren nan tout kwen nan peyi a kote zak asasinay yo ak zak kidnapin yo pa sispann ogmante chak jou Bondye mete, premye minis lan fè konnen nouvo dg pral gen pou frennen zak ensekirite yo epi pran kontwòl zòn ke bandi yo ap fè lalwa yo.

Nouvo dg a deja pase a laksyon li gentan chita pale ak minis jistis la epi wo eta majo nan lapolis la.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …