LEMOND/POLITIK:MILYADÈ AMERIKEN AN FÈ KONNEN  LI PAP PATISIPE NAN PRESTASYON SÈMAN JOE BIDEN

Donald Trump fè konnen  sou kont twitter li vandredi 8 janvye 2020 an ke li pap patisipe nan prestasyon sèman Joe Biden nan jan yo toujou fè li selon tradiksyon ameriken nan.

20 janvye 2021 se dat sa Joe Biden ta dwe prete sèman pou prezidan ak Kamala Harris kòm Vis prezidan nan peyi Etazini .seremoni sa ta dwe fèt devan pelouz Nasyonal Mall lan daprè tradiksyon an.

Donald Trump se premye prezidan ameriken  ki refize asite prestasyon sèman moun kap vini ranplase li an apre Andrew Johnson ki te fè sa nan lane 1869 .

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …