MOND/KRIM :YON FANM KI POTE YON BONM SOU LI TOUYE 13 MOUN PANDAN GWOUP JIYADIS BOKO HARAM TAP FÈ YON ATAK

Pou pi piti 13 moun mouri nan yon bonm yon fanm te pote sou li ki exploze nan nò peyi Kamewoun pandan yon atak gwoup Jiyadis Boko Haram nan jounen vandredi 8 janvye 2021 daprè yon polisye epi chèf tradisyonèl lan.

Gwoup jiyadis yo tap atake yon ti vil Mozogo men yo te gen yon fanm  kite avèk yo ki te gen yon bonm sou li epi li fè li eksploze se la 13 moun  sa yo tap pral pèdi lavi yo .

Selon yon responsab polis nan zòn nan ki fè konnen nan 13 moun sa yo ki mouri an gen 2 timoun ki gen 4 ak 5 lane  epi 6 jèn ladann.

Pandan atak la asasen yo ki te gen manchèt nan men yo tap kriye byen fò Allah akbar (BonDye pi gran)  daprè Mahamat Chetima Abba ki se chèf tradisyonèl Mozoko .

Angeline Michel

Kredi foto:24 heure monde

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …