Moun yo pa idantifye kidnape nan apre midi madi 2 fevriye 2021 an Dr Thermezy Emmanuel nan zòn Dèlma 19 selon enfòmasyon nou rive jwenn.
Yo kidnape anplwaye ONA sila tou swit apre 2 jounen grèv sendika transpò a te lanse pou mande otorite yo pran responsabilite yo ak zak kidnapin nan epi ensekirite a, yon grèv ki te rive respekte nan tout peyi a prèske a 100%.