AYITI/POLITIK: « GRAND DIALOGUE NATIONAL » LA RANVWAYE POU YON LÒT DAT KE NOU POKO KONNEN.

Prezidan tyè sena a Joseph Lambert anonse jounen madi 2 fevriye 2021 an ke chita pale ki pote non « Grand dialogue national » la ranvwaye.

Joseph Lambert anonse nouvèl sila nan yon twit san li pa di ki jou lap fèt, chita pale sila ke li te rele « Grand dialogue national » te gen pou mete chita ansanm nan Laboul 12 pandan 2 jou mèkredi ak jedi 4 fevriye 2021 an aktè politik yo nan yon objektif pou jwenn yon antant pou soti peyi a nan kriz li ye a.

Yon chita pale ke pi fò manm ki nan opozisyon an pat bay okenn enpòtans, manm sila yo fè konnen li twò ta, se pouvwa a pou prezidan an kite avan 7 fevriye 2021.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …