AYITI/FOUTBÒL/SANKSYON: APRE DADOU FIFA SISPANN YON LÒT PWASON NAN FEDERASYON AYISYÈN FOUTBÒL LA.

Apre prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la Dadou Jean Bart, FIFA mete kanpe sou kote nan foutbòl la Rosnick GRANT ki se prezidan komisyon nasyonal abit yo.

Desizyon sila rann piblik
Jounen mekredi 10 fevriye 2021 an nan kad ankèt kap mennen sou kesyon abi seksyèl ki genyen nan federasyon ayisyèn foutbòl la. Se sou baz atik 84 epi 85 kòd etik FIFA a ke yo deside pou sispann nimewo 1 CONA a. Rosnick GRANT ekate nan tout aktivite foutbòl sou tout planèt tè-a pou 90 jou.

Selon enstans siprèm foutbòl mondyal la, sanksyon sila te enpoze nan kad yon ankèt ki an kou pandan yo vize mesye GRANT. Patwon abit yo jwenn nouvèl la.
Ki donk, desizyon sa-a deja an vigè.

 

Kredi foto: Lepoint.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …