AYITI/KIDNAPING: YON TIMOUN 5 LANE MOURI APRE YO TE FIN KIDNAPEL.

Nouvèl la tonbe, se gou anmè sa lavi kite nan bouch moun jounen jodia a, yo jwenn kadav Olsmina Jean Meus, yon tifi 5 lane yo te kidnape sa gen 8 jou, sou Pon Breya nan matisan.

Manman li, Nadège Saint -Hilaire, fè konnen kidnapè yo te mande li 40 mil dola ameriken pou yo te lage pitit fi a, men, nan nivo mizè lap viv la, li pa te ka jwenn tout lajan sa yo pou li te bay.

« Mwen jwenn kadav la ak yon kòd nan kou li , yo toufe li « , ak dlo nan je ,se sa Nadège Saint-Hilaire, yon machann pistach, di nan mikwo radyo nan kapital la. Yon lòt bò, li fè konnen kadav pitit li a nan mòg, men li poko gen kòb pou li fè antèman an alòske mèt mòg la mande li 40 mil goud.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …