AYITI/OKAY/KANAVAL: MOUN OKAY PA RIVE PRAN PLEZI YO NAN KANAVAL 2021 AN JAN SA KONN ABITCHWE FЀT.

Kanaval Okay la pa rive fèt pou ane 2021 an jan sa fèt nan plizyè komin nan peyi a tankou Jakmèl, Pòdepè li menm ki te resevwa kanaval nasyonal la nan jou ki te 14 15 16 fevriye 2021 an.

Moun Okay pa rive danse akoz  meri a pat jwenn lajan pou te òganize okenn aktivite nan vil la selon sa majistra vil la Marie Michelle Sylvie Rameau fè konnnen, okenn  gwoup dans, cha pa rive pèfòme pandan 3 jou yo, pou te pèmèt moun yo pa rete diferan kèk bann a pye te pran lari ak pwòp mwayen pa yo selon enfo nou rive jwenn, yo te pase nan kek ri nan vil la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …