Kanaval Okay la pa rive fèt pou ane 2021 an jan sa fèt nan plizyè komin nan peyi a tankou Jakmèl, Pòdepè li menm ki te resevwa kanaval nasyonal la nan jou ki te 14 15 16 fevriye 2021 an.
Moun Okay pa rive danse akoz meri a pat jwenn lajan pou te òganize okenn aktivite nan vil la selon sa majistra vil la Marie Michelle Sylvie Rameau fè konnnen, okenn gwoup dans, cha pa rive pèfòme pandan 3 jou yo, pou te pèmèt moun yo pa rete diferan kèk bann a pye te pran lari ak pwòp mwayen pa yo selon enfo nou rive jwenn, yo te pase nan kek ri nan vil la.