AYITI/POLITIK/RELIJYON:SEKTÈ PWOTESTAN AN AP ÒGANIZE YON MACH KONT DIKTATI. 

Menm jan ak yon pakèt lòt sektè ki fè l deja, kominote pwotestan an konte foule beton an dimanch 28 fevriye 2021 pou di NON ak diktati dirijan politik yo vle mete kanpe nan peyi a.

Nan tèt kole ak yon pakèt lòt òganizasyon politik ki nan lopozisyon ak moun sosyete sivil yo, sektè pwotestan an ap mache dimanch nan nan pòtoprens nan lide pou, nonsèlman di NON ak diktati, men tou denonse zak ensekirite ak kidnaping ki pa sispann taye banda nan sosyete a depi yon pakèt tan.

« Mach sa se pa mach sektè pwotestan an l ap ye sèlman, men se mach tout moun ki gen moralite, ki pa vle diktati tounen nan peyi a », se deklarasyon sa pastè Gérard Forges te fè nan yon konferans pou Laprès li te bay, nan lide pou li te fè anons lan, 23 fevriye 2021 ki sot pase a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …