AYITI/KIDNAPIN: ABDIAS EDUME JWENN LIBERASYON LI ANBA MEN BANDI KI TE PRAN LI YO.

Mèt Abdias Edumé jwenn liberasyon l ui (8) jou aprè nèg ak zam te kidnape l. 25 fevriye a, vè 1è nan maten, nan do senmityè Pòtoprens se la kidnapè yo te libere ansyen « substitut » komisè gouvènnman Tigwav la.

Pwofesè nan inivèsite Pòtoprens lan, Abdias Edumé jwenn liberasyon l aprè anpil leve kanpe ki te fèt nan Pòtoprens  ak nan vil tigwav.

Chak jou yo kidnape moun nan peyi a, men jiskaprezan Leta poko janm libere yon moun yo kidnape. Nan sans sa, gen anpil moun ki panse sa k ap pase nan peyi a gwo zotobre yo gen men yo tranpe ladann.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …