AYITI/SEKIRITE: KEK ESPESYALIS KI NAN LAPOLIS PEYI KOLONBI VIN BAY KOUT MEN NAN BATAY KONT KIDNAPING NAN AN AYITI.

Yon delegasyon Lapolis kolonbyen rantre nan peyi Dayiti nan lide pou prete menfòt nan batay k ap fèt kont kidnaping an Ayiti dènye jou sa yo. Direktè jeneral lapolis la, Léon Charles, se li ki te resevwa delegasyon an.

Rive semèn sa, delegasyon an nan tèt kole ak anbasad peyi ameriken ki an Ayiti, gen pou misyon fini ak koze kidnaping nan anndan peyi a.

Dènye jou sa yo se prèske chak jou moun yo pa idantifye ap kidnape moun. Lapolis la li menm, li toujou pa ka reyaji, tèlman li fèb parapò ak moun ki ap fè Kidnaping yo.

Nan yon « tweet » anbasad peyi ameriken ki an Ayiti fè, yo fè konnen Espesyalis kolonbyen sila yo gen yon misyon pou 3 mwa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …