AYITI/LAPRES:  »JOVENEL MOISE JISTIFYE ZAK VYOLANS LAPOLIS AP FE SOU JOUNALIS YO » SE SA KI NAN YON NOT AJH SOTI PANDAN JOUNEN AN.

Nan nòt li mete deyò  23 fevriye 2021 an, AJH fè konnen li choke, endinye ak eskandalize parapò ak deklarasyon Jovenel Moïse te fè yè apremidi nan « Nasyonzini ». « Entèvansyon chèf Leta a simen anpil konfizyon ak amalgàm nan sa ki gen pou wè ak respè libète laprès e libetè lapawòl an Ayiti », se sa nou te li nan nòt la.

Nan menm lide a, pi ba nan nòt la, AJH denonse jwèt mètdam Jovenel Moïse ap fè lè li di li vle amelyore plas Ayiti genyen nan monn nan pou sa ki konsène libète laprès alòske, gen yon pakèt jounalis ki mouri pandan l prezidan an ankèt Lapolis ak lajistis poko janm ka di anyen sou yo. Nan sans sa, AJH site twa egzanp : Disparisyon foto jounalis Vladjimir Legagneur 14 mas 2018;  Asasina Rospide Petion nan dat 10 jwen 2019 ak Néhémie Joseph ki te mouri nan dat 10 oktòb 2019.

Yon lòt kote, AJH tire pye nan jan Jovenel Moïse pale lè li deklare anpil fwa gen gang ki dekize an jounalis pou atake Lapolis pandan yo ap fè travay yo. « Chèf Leta a, lè li pale konsa a se yon fason li fè pou li jistifye zak vyolans Lapolis ap fè sou jounalis yo » Se sa ki ekri nan nòt AJH la.

Nan lide pou evite lese frape ki ka koz jounalis  viktim anba men zago loray nan peyi isit, AJH mande pou jounalis yo pridan anpil pandan yo ap kontinye travay ak anpil  » professionnalisme » ak sans  » responsabilité ». N ap raple, AJH se asosyasyon jounalis Ayisyen, moun ki siyen nòt la se sekretè jeneral la, mesye Jacques Desrosiers.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …