AYITI/SEKIRITE : YON ANSYEN SENATÈ NAN OPOZISYON AN  VLE BAY PNH LA YON KOUT MEN NAN BATAY KONT KIDNAPIN AK ENSEKIRITE A.

Peyi a ap konnen yon moman sonm nan listwa l dènye tan sa yo avèk kesyon kidnapin ak ensekrite ki kontinye ap mete dlo nan je fanmi ayisyen yo. Parapò ak sityasyon sa, Youry Latortue pa rete endiferan.

 » PNH la fè anpil erè m toujou kritike. Sepandan, fas ak peri l ki gen jodi a, nan kalite militè m ak ansyen komisè divizyonè, m mete esperyans mwen la pou moun ki nan tèt PHN la » , se sa ansyen senatè Latibonit la, Youry Latortue, ekri sou kont twitter li dimanch 14 mas 2021 an.

Chak jou ki pase gen pou piti yon moun ki mouri anba bal nan peyi a. Pou anpil moun, zak banditis yo dwe sispann.  » M ap tann sinyal moun ki nan tèt PHN la nan batay yo ap mennen kont banditis nan peyi a », se sa nou li nan pòs li fè a.

N ap raple, bandi touye pou piti 4 polisye semèn sa nan operasyon PNH la t ap mennen vilaj dedye. Jean Yvelaire St fLeur se non yon ajan BLTS moun yo pa idantifye asasinen  samdi 13 mas la nan yon restoran nan kapital la.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …