LEMOND /JISTIS: 27 MILYON DOLA AMERIKEN POU DEDOMAJE FANMI GEORGES FLOYD.

Yon aranjman zanmitay jwenn ant fanmi Georges Floyd ak vil Mineyapolis nan lang anglè( Minneapolis) ,pou kapab evite yon long pwosè sivil, alòske pwosè penal ansyen polisye Derek Chauvin lan ki demare .

« Akò zanmitay sa se pou premye fwa nan istwa peyi Etazini pou evite yon pwosè long ki Konsène dwa moun epi ki gen lanmò  » Daprè deklarasyon avoka fanmi Georges Floyd yo .

N ap raple, nan mwa jwen 2020 ,fanmi Georges Floyd te depoze yon plent sivil kont meri vil Mineyapolis nan lang anglè (Minneapolis) ak kat (4 )polisye ki enplike nan lanmò Georges Floyd yo. Fòk nou di tou pwosè penal Derek Chauvin lan , demare semèn pase a ak seleksyon jiri yo premye odyans lan ap fèt 27 mas 2021.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …