AYITI/ACHTAG:YON ACHTAG ENDINYASYON AK DEZESPWA KAP FÈ CHIMEN LI SOU REZO SOSYAL YO.

Vandredi 12 mas 2021 an, lapolis mennen yon operasyon nan vilaj dedye, fyèf pisan chèf gang Izo 5 segond. Bilan an operasyon sila a malouk pou pèp Ayisyen an. Li sale. Li Gen yon gou anmè li kite nan bouch popilasyon an. Bandi yo, lè yo fin touye pou pi piti 5 polisye, yo filme yo, genyen yo rache. Yo mete tout videyo sa yo sou rezo sosyal yo, menm kadav polisye yo, pou jiskounya, yo poko bay.

Latristès, endinyasyon anvayi, nan moman sa a, entènòt ayisyen yo. Yo anpil, sila ki pa mete dlo nan bouch yo parapò ak sa yo ap ekri pou kase mete nan men otorite nan peyi isit. Genyen tou, nonsèlman yo di pawòl piman bouk, men tou yo itilize yon achtag ki fèt ak drapo peyi a epi ki ekri @free Haiti@. Anpil tan pa t panse, yon pakèt moun te gentan ap pataje l ak mete swa sou estati yo osnon sou pwofil yo.

Achtag free Haïti a li charye endinyasyon, sityasyon malouk pèp ayisyen an viv dènye moman sa yo ak zak banditis, ensekirite ak kidnapin. Yon lòt kote, pou anpil moun, li se yon van lespwa k ap soufle, nan sans ki vle pote tout sa ki pa bon nan peyi a ale tankou koripsyon, zam yon gwoup moun ap mete nan men jèn yo nan katye popilè yo…

Lopital, ledikasyon ak travay, se tout bagay sa yo achtag la vle di pou pèp ayisyen an. @free Haïti@ @nou vle viv@, @nou bouke@.

Jackson Junior Rinvil

Kredi foto:internet

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …