AYITI/EDIKASYON : « PREMYE JOUNEN EGZAMEN BAK PÈMANAN YO REYISI NAN DEPATMAN NIP » , DAPRÈ DIREKTÈ DEPATMANTAL NIP MINISTÈ EDIKASYON LAN.

Direktè depatmantal Nip ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la Odel Joseph, fè konnen premye jounen egzamen an te byen pase nan 11 komin nan depatman Nip lan.

Nimewo 1 edikasyon an nan depatman an fè konnen sou 108 kandida yo gen 96 ki te konpoze ak 12 ki te absan , epi egzamen sa yo ki te demare jounen lendi 15 mas 2021 an nan 3 sant nan depatman Nip lan ki se : komin Miragwàn , Fondènèg ak ansavo .

Yon lòt bò , Direktè Odel Joseph felisite kandida yo ki te gen yon bon konpòtman pandan premye jounen egzamen an pwofite mande yo pou kenbe menm konpòtman sa yo pou rès jou egzamen yo , pandan li pwofite raple egzamen bak pèmanan yo ap dire 4 jou k ap fini jedi 18 mas 2021 an.

N ap raple , sou tout 10 depatman peyi dayiti te gen yon total di mil nèf san katreven dis nèf (10999) kandida ki te enskri pou patisipe nan egzamen sa yo.

Dieuva Occidor echo jounal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …