Nan yon rapò òganizasyon nasyon zini (ONU) mete deyò lendi 15 mas 2021 an sou kriz politik nan peyi bimani an , fè konnen gen 138 moun ki mouri nan seri manifestasyon pou denonse koudeta lame Biman te fè kont ansyen prezidan Auung Sann Suu Kyi premye fevriye 2021 pase a .
Pòt pawòl sekretè jeneral ONU an , Stéphane Dujarric , ki fè konnen selon wo komisarya dwa moun nan nasyon zini gen 138 moun ki mouri pandan dewoulmam manifestasyon yo ,chif yo te ogmante depi 13 mas pase a ak 18 mò , dimanch 14 mas la 38 lòt mouri pandan dewoulman manifestasyon sa yo .
Pòt pawòl sekretarya ONU an Stéphane Dujarric , fè konnen seri zak ki menen lanmò sa yo gen pou wè ak vyolasyon dwa libète envidyèl moun genyen pou revandike , òganizasyon nasyon zini ki mande ak konsèy selil ijans biman pou fè resepkte dwa ak libète nan peyi biman .
Dieuva Occidor.