AYITI/ POLITIK : 2 JOUNEN MOBILIZASYON KONT POUVWA AN PLAS POU 28 AK 29 MAS NAN PÒTOPRENS.

Responsab yo nan estrikti nap mache pou lavi , federasyon bawo dayiti (FBH) ak Komite pwotestan kont diktati anonse pou 28 ak 29 mas 2021 an 2 jounen manifestasyon nan pòtoprens kont pouvwa anplas la.

De (2) jounen mobilizasyon sa yo ki ap fèt nan lavèy ak jou ki ap make 34 lane konstitisyon 1987 la , daprè Joubert Franck nan komite pwotestan kont diktati fè konnen mobilizasyon sa ap fét se pou kapab di non ak fason prezidan Jovenel Moïse , sòti pou dezabiye peyi nan fè tout sal konnen pou chanje konstitisyon an.

Sou bò pa li , pòt pawòl pati politik matris liberasyon an , an menmtan manm estrikti n ap mache pou lavi sosyològ Antoinnette Duclair, fè konnen 2 jounen mobilizasyon sa yo ap demare sou plas konstitisyon an channmas se pral okazyon pou pote solidarite yo bay polisye yo ki viktim sitou nan operasyon vandredi 12 mas la nan vilaj de Dye.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …