AYITI/PNH »: YO SAKRIFYE M, M PA GEN ANYEN POU M WÈ NAN SA KI PASE VILAJ DEDYE A, MWEN PA TE CHÈF OPERASYON AN », DEKLARASYON CARL HENRY BOUCHER

Enspektè jeneral Carl Henry BOUCHER, nan yon entèvasyon li fè nan jounal « gran boulva » jounen mèkredi 17 mas la, fè konnen li pa gen anyen pou wè ak sa ki pase vilaj dedye vandredi pase a.

«  Yo sakrifye m, m pa gen anyen pou m wè ak sa ki pase vilaj dedye a, m pa t chèf operasyon an« , deklarasyon Carl Henry Boucher nan mikwo Bob c.

Plase an izolman depi yè madi, Carl Henry Boucher fè konnen enspeksyon jeneral pa repwoche li anyen.

Enspeksyon jeneral te konvoke Carl Henry Boucher nan kad ankèt yo ap mennen aprè operasyon lapolis te fè nan vilaj dedye ki te lakoz lanmò 4 polisye pou piti.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …