Lapolis la, nan lannwit madi 16 mas 2021 an, sou rezo sosyal yo, anonse yo rekipere, nan kad yon operasyon espesyal, blennde ki te anba men bandi nan vilaj yo. Yon aksyon ki leve plim sou do anpil moun, mèt André Michel se youn nan yo.
« Yon lòt fwa ankò, Lapolis fè bèk atè douvan chèf gang yo« , deklarasyon mèt André Michel sou kont twitter li, yè nan aswè.
Pòt pawòl sektè demokratik la, André Michel, kwè se direktè Lapolis la ki ap trennen PNH la nan labou konsa. » Léon Charles pa wont, li mete ajenou, li peye pou bandi yo te ka remèt Lapolis blennde a epi li kite kadav 5 polisye yo », mèt André Michel.
André Michel, pi lwen nan mesaj li poste sou kont twitter li a toujou nan lide pou li pale ak direktè jeneral Lapolis la, fè konnen moun sa yo pa konn wont, yo pa gen diyite.
Jackson junior Rinvil