AYITI/ SEKIRITE : PAUL MÉNARD RANPLASE NAN TÈT DIREKSYON DEPATMANTAL POLIS LWÈS .

Joël Casseus , se nouvo direktè depatmantal polis lwès li ranplase nan pòs sa Paul Ménard , ki revoke nan pòs li 7 jou aprè echèk operasyon lapolis la nan vilaj de Dye.

Ansyen direktè depatmantal polis lwès la enspektè Paul Ménard , ki te gen gwo responsabilite nan operasyon vilaj de Dye a vandredi 12 mas pase a ,selon enfòmasyon ofisyèl fè konnen pou piti 4 polisye mouri ak 8 lòt ki sòti blese .

N ap raple, lapolis te fè konnen nan dat 16 mas 2021 an, nan yon operasyon espesyal yo te rive rekipere machinn blennde ki te nan men manm gang  » 5 segond » ki nan vilaj de Dye yo. Alòske nan yon pwen deprès direktè jeneral pou titan polis la Léon Charles, ta pral pote presizyon sou operasyon ki fè yo te rekipere cha .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …