LEMOND/KRIM:GWOUP GANG NAN PEYI MEKSIK TOUYE NAN YON ANBISKAD POU PI PITI 14 POLISYE .

Nan yon anbiskad  gwoup gang nan peyi Meksik touye pou pi piti 14 polisye ou anplwaye  biwo prokirè jeneral nan sant peyi an daprè sekretarya sekirite epi biwo prokirè jeneral lan.

Minis sekirite piblik lan fè konnen sou kont twitter li gen 14 moun ki mouri nan atak sa ki fèt nan vil Aguilila nan Michoacan.

Daprè medya peyi an ki fè konnen polisye sa yo te repònn yon apèl ki te vrèman tris epi lè yo rive yo te jwenn endividi ak  zam ki te atake yo nan vil lan.

Moun ak zam yo te fè anbiskad sa depi nan maten devan yon machin blennde pandan polisye yo te rive an .daprè menm sous lan gwoup gang lan tap prononse menas kont otorite yo nan kòmansman atak lan.

Angeline Michel

Kredi foto:lapresse int

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …