AYITI/PNH: POLISYE « FANTOM 509 » YO TE LIBERE NAN MOUVMAN LEVE KANPE YO TE FÈ LÒT JOU A RETOUNEN NAN SELIL YO, PNH LA BAT BRAVO LAKONTANTMAN

Operasyon lapolis la te mennen vilaj dedye a, vandredi 12 mas la, te kite yon gou amè nan bouch anpil polisye. Gwoup « fantom 509″ la te foule beton an nan jou aprè yo nan lide pou te fòse Leta a al dèyè kadav frèdam yo ki te tonbe nan operasyon vilaj la. Sou wout yo, gen polisye ki te arete anvan sa yo al libere nan selil yo.

Polisye sila yo chwazi retounen nan selil yo ankò. Nan sans sa, PNH la bat bravo lankontman sou kont fesbouk la.  » Lapolis nasyonal wete chapo l douvan polisye ki chwazi retounan nan selil yo nan komisarya kanapevè a », se sa nou ka li nan nòt PNH la rann piblik sou kont fesbouk li.

Paralèlman, yon semèn aprè operasyon lapolis te mennen nan vilaj dedye a, gwo chabrak ki nan tèt enstitisyon sila a poko janm pran okenn desizyon pou al dèyè kadav polisye ki te tonbe nan vilaj la.

 

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …