OTORIZASYON VAKSEN COVID- 19 AN AYITI, DAPRÈ MOÏSE JEAN CHARLES SE YON DESIZYON IRESPONSAB

Leta ayisyen bay dizon l pou vaksen kont maladi kovid-19 la antre nan peyi a, yon desizyon tèt anba daprè anpil moun.

Lidè pitit Dessalines lan, Moïse Jean Charles kritize desizyon Leta ayisyen pran pou otorize vaksen anti kovid la antre nan peyi a.  » Otorizasyon Leta Ayisyen bay pou vaksen Anti covid la antre an Ayiti se yon desizyon iresponsab », daprè ansyen senatè Moïse Jean Charles.

Pou lidè pitit Dessalines lan, antre vaksen Anti Covid la nan peyi a pa jistifye paske pa gen volim moun malad menm jan sa ye nan lòt peyi.

N ap raple, 19 mas ki sot pase a fè yon lane depi, ofisyèlman, Leta ayisyen te deklare 2 premye ka Kovid-19 nan peyi a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …