AYITI-FOUTBÒL : YON GWOUP NÈG AK ZAM ATAKE EKIP BELIZE LA NAN PÒTOPRENS

Nan kad match eliminatwa mondyal 2022 a, ekip Belize la rantre nan peyi a pou vin jwe ak Ayiti Jedi 25 mas ki ap vini la.

Nan moman jwè Beliz yo ta pral nan otèl yo, gen yon gwoup nèg ak zam, lendi 22 mas 2021 an, ki te atake yo nan bis yo te ye a.

Daprè yon kominike federasyon foutbol peyi Beliz la fè soti sou sa ki pase a, yo fè konnen yon gwoup nèg ak zam te atake bis jwè yo, malgre te gen prezans lapolis, yo te sou moto e yo te gen gwo zam nan men yo.

 » Se aprè anpil negosyasyon ant polisye yo ak gwoup nèg ak zam sa yo ki fè bis jwè te vin ale nan otèl yo », se sa nou ka li nan kominike a.

Dènye tan sa yo, ensekirite a pa sispann taye banda nan peyi a. Daprè anpil obsèvatè, sa k ap pase nan peyi a parapò ak pwoblèm ensekirite a depase PNH la, domaj.

 

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …