AYITI/PNH: PNH LA METE YON « AVIS DE RECHERCHE » DÈYÈ 7 MANM FANTOM 509

An Ayiti, dènye tan sa yo, anpil mouvman leve kanpe fèt. Lendi 22 mas 2021 an pa te diferan, men fwa sa se te polisye fantom 509 ak polisye ki nan lòt inite espesyalize ki t ap twoke kòn yo.

Parapò ak tout briganday sa yo, PNH la reyaji. Nan yon mesaj ki pibliye sou kont fesbouk Lapolis la, lendi 22 mas nan aswè, yo fè konnen yo mete yon  » avis de recherche » dèyè sèt (7) manm ki nan estrikti ki regwoupe tèt yo anba non » Fantom 509″ la.

« Moun sa yo gen zam, yo danjere, yo se teyoris ki fè pati fantom 509 Lapolis ap chache pou zak asasina, destriksyon byen piblik ak prive » se sa nou ka li nan mesaj la.

Jean Elder Lundi, kòdonatè jeneral SPNH17 ; Pascal Alexandre ; Louis Ludner ; Guerby Geffrard se kèk nan non  Lapolis di l ap chache yo.

 

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …