Jean Fritz Magny, avoka SPNH17 lapolis te arete nan DDO nan apre midi lendi 22 mas 2021 an nan moman li ta pral notifye PNH la pou yon sit-in estrikti li avoka ladann nan ap fè jounen madi a 23 mas 2021an, libere nan lannwi lendi a daprè kòdonatè jeneral SPNH17 la, Jean Elder Lundi ki t ap pale sou radyo vision 2000.
Aprè plis 3èd tan pase nan DCPJ, kote yo t al avèk li selon Jean Elder Lundi, mèt Jean Fritz Magny jwenn liberasyon l nan answè lendi 22 mas la.
Paralèlman, kòdonatè a jeneral SPNH 17 la pwofite pou envite tout moun, fanmi ak zanmi polisye an patiklye nan yon sit-in yo ap gen pou fè demen madi 23 mas la.