AYITI/ POLITIK: PLIZYÈ LIDÈ POLITIK DEZAPOUVE DEMACH KEP A NAN ENSTALASYON MANM BIWO DEPATMANTAL REFERANDÈ YO .

Plizyè lidè politik nan peyi a tankou: kòdonatè pati politik òganizasyon pèp k ap lite (OPL) ak Sekretè jeneral pati politik fuzyon sosyal demokrat yo enjenyè Rosemond Pradel, Yo dezapouve enstalasyon manm biwo depatmantal referandè yo.

Ansyen prezidan sena repiblik la epi kòdonatè pati politik (OPL) Edgard Leblanc
Fils, ki poze kesyon ak egzekitif la pou konnen kisa ki dèyè tèt egzekitif la, ansyen palmantè a ki raple ak egzekitif la konsèy elektoral pwovizwa sa ilegal epi mande ak popilasyon an pou bay yon repons ak demach pouvwa anplas la .

Sou bò pa li , sekretè jeneral FUZYON an Rosemond Pradel, ki kwè demach manm konsèy elektoral pwovizwa pou enstale manm biwo depatmantal referandè yo se pou kapab satisfè jovenel Moïse ak lajan yo ap touche kòm manm kep a , lidè politik la mande popilasyo pou mobilize kont demach sa .

N ap siyale, pandan wikenn pase a plizyè manm biwo depatmantal referandè enstale nan divès depatman tankou : depatman Sid, Nip ak depatman Nò nan peyi dayiti .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …