AYITI/SEKIRITE :POLIS NASYONAL AYISYEN FÈ KONNEN LAP CHACHE YANICK JOSEPH

Nan yon mesaj PNH la mete sou kont fesbouk li jounen mèkredi 24 mas la, yo anonse Yanick Joseph, ansyen kòdonatè SPNH17 la, se youn nan moun Lapolis ap chache yo.

 » Lapolis nasyonal ap chache aktivman, moun sa yo, manm Fantom 509 pou enplikasyon prezime yo nan yon pakèt zak asasina ak tantativ asasina ; kraze byen piblik ak prive », se sa nou li nan mesaj la.

Nan moun Lapolis ap chache yo, gen Yanick Joseph, Lundi Jean Elder ki se aktyèl kòdonatè jeneral SPNH17 la ak yon pakèt lòt moun ankò.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …