Komisyon espikopal jistis ak lapè ki gen sig li nan lang fransè » CJLAP » nan yon nòt yo mete deyò sou sitiyasyon kondisyon lavi moun nan prizon yo nan peyi a ki pa bon ditou daprè òganizasyon dwa moun lan .
Nan rapò sa Komisyon jistis ak lapè mete deyò a fè konnen nan fen ane 2020 an te gen 11 mil moun nan prizon yo men, nan yon peryòd 3 mwa sòti mwa janvye pou rive mwa mas la li pase ak 12 mil moun ki nan espas kaseral yo .
Direktris egzekitif CJILAP la Joslin Colas Noël, ki plenyen akoz sitiyasyon sa mande ak otorite yo nan pouvwa jidisyè a pou pèmèt gen odyans ak asiz ki reyalize yon ladrès pou yo redwi kantite moun ki nan detansyon prevantiv pwolonje nan prizon yo .
Komisyon jistis ak lapè atire atansyon otorite yo sou move kondisyon moun ap viv nan prizon yo ki pa respekte diyite ak dwa moun e raple ak leta ansanm konvansyon yo ratifye ki gen pou wè ak respè diyite moun .
Dieuva Occidor