AYITI/NOT: KURDY LARECHE DEMANTI ENFÒMASYON KI TA FÈ KWÈ LI ENPLIKE NAN METE DOSYE JUSTIN VIARD NAN LARI.

Nan yon nòt diplomat Kurdy Lareche mete deyò ki rive jwenn redaksyon ECHO JOUNAL jounen 25 mas 2021 an, li demanti enfòmasyon kap sikile kòm kwa  li ta enplike nan mete dosye yon sèten Justin Viard nan lari.

« Mwen pote yon demanti fòmèl ak tout vye bagay k ap di sou mwen yo ki gen yon sèl objektif ki se sal imaj mwen »,  se sa li ekri nan nòt la.

Selon nòt la, Diplomat Kurdy Lareche te chèf misyon Moreyal nan lane 2015 pou rive 2016. Li fè konnen li te toujou travay nan respè, netralite ak rezèv daprè obigasyon prensip metye a.
» Li pa yon dout pou pèsòn, se sèl ministè zafè etranjè ki kapab bay jan enfòmasyon sa yo ak piblik la osnon yon moun an patikilye sou kesyon ak administration ansanm pòs konsilè ouswa diplomatik » , se sa diplomat la fè konnen toujou
selon nòt la.

Nan sans sa, « Mwen denonse akizasyon sa ki kapab sal repitasyonm ak karyè mwen pandan map fè konnen sak vre nan tout sa kap di la yo se peyi m mwen sevi nan peyi Monreyal kòm vis konsil, konsil, minis konseye epi kòm chèf misyon sa ki se yon ekzanp. Pasaj mwen ap rete ekri anlèt dò nan anal diplomasi Ayisyèn lan e lap sèvi jenerasyon kap vini yo kom model », pou konkli Diplomat Lareche.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …