AYITI /DÈY : JOUNALIS KÒRESPONDAN RADYO « VISION 2000 » ORTELLAT JACKSON VALE AKDENESANS LI JOUNEN 25 MAS LA .

Jounalis Ortellat Jackson , mouri jounen 25 mas la nan lopital sent terèz ki nan komin Ench ak laj 56 lane aprè yon maladi li te soufri.

Jounalis defen an te konn travay nan radio « LEVE KANPE » epi li te kòrespondan Radyo « Vision 2000 » nan pòtoprens.

Selon moun nan depatman sant ansyen jounalis kite yon vid kay admiratè li yo lèl te konn prezante jounal nan radio lokal la ak lèl te konn ap fè kòrespondan li yo ak kèk eslogan tankou : « leve tèt avèw, kouche ak chay, draw chire ak yo fè sezaryèn ou « .

Daprè deklarasyon gran frè konfrè a Ortellat Prudent, fè konnen defen an pat yon moun kite konn malad souvan pou li ta ale kite sosyete jounalis la nan peyi Dayiti, frè defen an pi lwen deklare « se bondye ki bay ,se bondye ki pran nanm frèm lan ap repoze nan lapè ».

Pou kounye a , kò jounalis defen Ortellat Jackson, nan yon mòg nan vil Ench rete pou tann dat fineray la .

Echo Jounal ,etire chapol pou salye depa gwo potorik jounalis la pou travay li tap fè nan laprès la .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …