AYITI/ESPÒ :SELEKSYON NASYONAL LA BAT EKIP BELIZ  NAN ESTAD SILVYOKATÒ

Nan premye match eliminatwa modyal peyi Kata (Quatar) 2022 , seleksyon nayonal la ki t ap resevwa aprè midi jedi 25 mas la seleksyon Beliz nan estad silvyokatò ki fini 2 a zewo anfavè ekip nasyonal la .

Grenadye yo kite pase premye mitan match la ki dire 45 minit ap bouskile ekip Beliz la san yo pat make yon gòl, touswit aprè poz premye mitan nan koumansman dezyèm mitan match la, ekip foutbòl peyi Dayiti ta pral ouvè eskò a gras ak yon gòl kout tèt youn nan defansè ekip la Ricardo Adé, ta pral fè nan senkantyèm (50) minit .

Match foutbòl la t ap kontinye jwe kote ekip nasyonal la te kontinye ap mal mennen ekip Beliz la nan pwonostik match la, yon dezyèm gòl ta pral fèt nan katreventyèm(80) minit yo gras ak yon mouvman youn nan lateral ekip la Seance Steeven, ki pèmèt ekip peyi dayiti genyen ekip Beliz la 2 a zewo.

N ap siyale, se yon ansyen jwè seleksyon nasyonal la ki te konn jwe pòs defansè kise Jean Jacques Pierre, kap kotche ekip nasyonal la ki se yon eksplwa pou antrenè ayisyen ki bat premye match li ak seleksyon an .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …