LEMOND /SANTE : »KOWONAVIRIS LA SE PI GWO JENOSID NAN TOUT ISTWA PEYI BREZIL  » DEKLARASYON ANSYEN PREZIDAN LULA.

Ansyen prezidan peyi Brezil la Lula, kalifye kòm yon katastwòf fason gouvènman aktyèl la ap jere kriz kowonaviris la .

Nan yon entèvyou ansyen chèf leta brezilyen an bay ak jounal alman « Del Spielg » , kritike fason aktyèl prezidan an Jair Bolsonaro ,daprè ansyen Prezidan Lula ki ta fè yon eskiz ak peyi Brezil pou move jesyonl fè ak maladi a.

 » Jair Bolsonaro, pa pran oserye ditou pandemi kowonaviris ki deja touye pou piti twasan mil(300000) moun, ki parèt kòm pigwo jenosid nan tout istwa peyi m Brezil  » deklarasyon Ansyen prezidan Lula, pilwen ki kwè prezidan aktyèl la ta dwe itilize teknisyen pou kapab prepare yon plan pou vaksinen pèp brezilyen an .

 Ansyen prezidan Lula, denonse move desizyon gouvènman Jair Bolsonaro pran daprè li ki kraze ekonomi peyi Brezil .Lula kwè se devwa tout brezilyen pou batay pou retabli demokrasi nan peyi a.

Dieuva Occidor

Kredi foto:freepy

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …