*3 AVRIL 2000- 3 AVRIL 2021 : 21 LANE DEPI MOUN YO PA RIVE IDANTIFYE TE ASASINEN JOUNALIS JEAN LÉOPOLD DOMINIQUE*

Jounen samdi 3 avril 2021 an fè 21 lane depi nèg ak zam te asasinen jounalis vèdèt Jean léopold Dominique ki te direktè radyo entè nan epòk lan.

Jounalis Léopold Jean Dominique 69 lane te gen anpil pwojè pou li ede nasyon an men jou ki te 3 Avril nan lane 2000 yo te asasinen li nan moman li ta pral nan radyo entè .

Jounalis lan te resevwa 4 bal nan vant li epi nan kou li nan menm jounen 3 avril sa yon anplwaye nan menm radyo a ki rele Jean -Claude Louissaint te pèdi lavi li nan menm atak sa.

Malerezman 21 lane pase  poko janm gen limyè ki fèt sou dosye lanmò selèb jounalis Leopold Jean Dominique ki te toujou ap milite pou dwa moun respekte nan peyi an .

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …