AYITI/SOSYETE : JOUNEN REFLEKSYON PATISIPASYON FANM YO NAN CHANJMAN PEYI DAYITI .

Direksyon depatmantal Nip ministè kondisyon fanm ak dwa fanm (MKDF) Nip, nan tèt kole ak Mouvman fanm nip (MOFANIP), òganize nan okazyon jounen nasyonal fanm ayisyèn yo 3 Avril 2021 an, yon jounen refleksyon sou patispasyon fanm yo nan chanjman peyi Dayiti.

Pandan jounen aktivite sa te gen yon konferans deba pou aprann fanm yo konnen wòl yo nan sosyete a, enterè pou patisipe nan zafè politik peyi a, ak pawòl referandòm konstitisyonèl la .

Kòdonatris depatmantal nip ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nip lan Cerette Devalcy, fè konnen jounen aktivite sa ki fèt la se pou kapab raple fanm yo ki jan yo te batay nan lane 1986 pou te kapab gen yon seri dwa tankou: dwa pou ale lekòl , patisipe nan travay yo nan sosyete a.

Pilwen Madanm Cerette Devalcy Fè konnen se te okazyon pou fanm yo kapab fè kat idantifikasyon nasyonal yo ak batistè gras ak yon karavàn biwo idantifikasyon nasyonal (ONI) ak Ofisye eta sivil yo, pandan li presize aktivite a fèt nan tout onz (11) Komin depatman nip lan .

Kòdonatris mouvman fanm nip lan Marie Carme Cineas Dumelfort, ki te prezan deklare  » se ak kè kontan mwen patisipe ak fanm yo nan aktivite , pandan mwen ankouraje tout fanm yo pou patisipe nan pwojè nouvo konstitisyon an k ap mete fanm yo egal ak gason yo « .

Sekretè ,trezoryè Biwo depatmantal referandè nip lan Marie Lourna Fleurantin, ankouraje medam yo pou fè kat idantifikasyon nasyonal yo ki pral ba yo posibilite pou ale vote nan kad referandòm lan k ap fèt 27 jwen 2021 an , swa pou di yo dakò ou byen di yo pa dakò ak pwojè referandòm konstitisyonèl la .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …