AYITI /SEKIRITE : YON MOUN MOURI NAN AKSIDAN, 10 LÒT BLESE AK 48 MOUN ARETE DAPRÈ BILAN POLIS NIP POU MWA MAS LA .

Lapolis nan depatman nip prezante jounen madi 6 Avril 2021 an bilan operasyon yo mennen sou 11 komin depatman an pou mwa Mas 2021 an, nan yon konferans pou laprès pòt pawòl polis nip lan Wisnel Decembre, fè konnen lapolis anrejistre pou mwa Mas la 48 ka, pami yo 16 manda egzekite ak 32 ka flagrans, Selon Wisnel Decembre endividi sa yo arete pou divès enfraksyon vòl, vyòl ak asosiyasyon malfèktè .

Pòt pawòl polis la nan depatman an fè konnen lapolis anrejistre 7 ka aksidan ki lakoz yon moun mouri ak 10 moun blese pandan aksidan sa yo ki fèt nan komin fondènèg, tirivyè nip ak komin Payan.

Wisnel Decembre ki mande popilasyon 11 komin depatman nip lan pou kolabore ak lapolis pou yo rive kapab frennen zak ensekirite yo, pandan li lanse yon pinga bay tout malfra pou pa mete tèt yo nan depatman nip paske lapolis mobilize pou arete tout bandi .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …