LEMOND/COVID -19: NAN YON SÈL JOUNEN 4000 MOUN PÈDI LAVI YO NAN PEYI BREZIL*

Brezil konnen yon jounen madi 6 avril trist ,covid-19 la lakoz yo pèdi nan yon sèl jounen anviwon 4000 moun daprè dènye bilan ofisyèl ministè sante piblik bay genyen 4195 moun ki mouri nan 24è.

Brezil gen 212 milyon moun k ap viv ladann, li vini dezyèm peyi dèyè do Etazini ki gen plis moun ki mouri nan Kovid-19 la avèk yon total 336 947 ka lanmò.

Espesyalis yo nan peyi Brezil pè pou sityasyon an pa vin plis dejenere. Pou yo menm, daprè sa RFI rapòte, otorite yo pèdi kontwòl pandemi an.

Nan yon vil tankou Sao Paolo ki se, nonsèlman kapital ekonomik peyi Brezil, men tou ki se vil pi peple a, bis ki te la pou mennen timoun lekòl se yo menm yo pran pou transpòte kadav.

Lopital yo paka resevwa moun ankò. Sa pa diferan pou simetyè yo ak kadav.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …